Proposition remaniée de sortie de crise en 10 points, par Daly Valet‏

Publié
5 années ago
Dernière mise à jour
1 année ago
1043 views
Time to
read
6’

Refòmilasyon 10 pwen pwopozisyon mwen an pou rezoud kriz politik konjonktirèl ak striktirèl Ayiti aNi rache manyòk ni statikwo !Pa gen wout pa bwa. Ann sispann bay tèt nou manti. Ann sispann woule m debò ak Konstitisyon an. Yon peyi a pa kapab fonksyone byen san yon lòd konstisyonèl ni devlope nan dezòd briganday politik maten midi swa. Ann kreve absè a yon fwa pou tout. Tout pwopozisyon solisyon ki pa pran kriz la nan tout dimansyon l se lave men siye atè. N ap nan enstabilite pou tout tan si nou pa pran towo a nan kòn li.Nou dwe rebat kat la pou n fè yon tab raz trankil e repanse tout sistèm lan ak tèt frèt nan yon espri patriyotik ak konpwomi.Solisyon dirab a kriz striktirèl e enstitisyonèl grav sa mande pou tout aktè prensipal yo fè anpil sakrifis. Sakrifis patriyotik pou yo wè peyi a avan tèt yo, pòch yo ak manda yo. Sa ap difisil se vre. Men li pa enposib si yo genyen menm yon ti lanmou tou piti pou peyi yo Ayiti e si yo vle peyi a pran tout bon chimen stablite politik, lapè sosyal ak devlopman ekonomik.Pa gen koze pou pwolonje manda Palmantè ni manda Prezidan. Depi nou antre nan lantonwa sa nou pa p janm soti. Repiblik la ap deraye nèt si pa gen yon lòd konstitisyonèl ki fikse règ ak prensip yo. Konstitisyon 1987 amande a nan atik 134.2 presize fòk Prezidan an kite pouvwa a 7 fevriye senkyèm ane manda l kèlkeswa lè li antre an fonksyon nan premye ane a. Pou Depite yo, se dezyèm lendi mwa janvye katriyèm ane manda yo kèlkeswa lè yo te prete sèman dapre atik 92.1 konstitisyon amande a. Pou Senatè yo, se dezyèm lendi mwa janvye sizyèm ane mande yo kèlkeswa lè yo te prete sèman dapre atik 95 Konstitisyon amande a .Nou rankontre anpil moun, nou dyaloge an prive e tande reyaksyon piblik anpil moun nan tout sektè  pouvwa, opozisyon, sosyete sivil ak laprès dèpi premye vèsyon pwopozisyon mwen te mete deyò pou deba piblik la. M pran an kont tout sa ki di nan tout sektè. Nou gen zòrèy nou tande. Apre tout deba sa yo, nou deside refòmile pwopozisyon nou an pou rezoud kriz politik ak entistisyonel peyi a konsa :Pwopozisyon pou nou rezoud kriz konjonktirèl ak striktirèl peyi a san vyolans rache manyòk ni lese grennen statikwo : 1.     Prezidan Michel Martelly louvri negosyasyon politik fomèl ak tout sektè politik opozisyon an a pati lendi 3 novanm 2014 pou 1) fòme yon Gouvènman Konsansis ak Sali Piblik 2) fòme yon nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa daprè atik 289.1 Konstitisyon 1987 la 3) jete baz pou yon Konferans Nasyonal Souvren. Pandan negosyasyon yo, pati politik yo ak Prezidan Martelly ap antann yo sou tout pwen ak litij ki te alimante kriz politik konjonktirèl la e ki te bloke pwosesis elektoral la.  Gouvenman Konsansis sa ap antre an fonksyon madi 14 Janvye 2015 apre manda yon tyè Sena a ak 49 vyèm lejislati a fini. Pandan tout egzistans Gouvènman Konsansis ak Sali Piblik la, Repiblik la ap dirije sou baz Konstitisyon 1987 amande a nan tout sa ki pa kontrè ak lespri e dinamik Konferans Nasyonal Souvren an. Absans yon Palman fonksyonèl pral kreye yon vid enstitisyonèl ki mande pragmatis. Se jisteman vid enstitisyonèl sa ki fè ke Konferans Nasyonal la plis ke nesesè.  2.     Prezidan Martelly ak Gouvènman Konsansis la ap òganize yon Konferans Nasyonal Souvren ak tout fòs politik, sosyal, ekonomik, entelektyèl, relijye ak kiltirèl peyi a pou rezoud kriz politik striktirèl la, remanbre enstitisyon ki se pilye fonksyonnman Repiblik la, ranfòse sistèm demokratik la e retabli lòd konstitisyonèl peyi a. Konferans Nasyonal la ap kòmanse imedyatman apre Gouvènman Konsansis la antre an fonksyon nan mwa Janvye 2015 pou l fini nan mwa avril 2015 pou pi ta. Konferans Nasyonal la ap travay sou yon refòm konstitisyonèl. Refòm sa pral gen objektif prensipal diminye kantite eleksyon nan peyi a, amonize tan elektoral ak tan konstitisyonèl la pou eli yo nan sistèm politik la, rezoud yon fwa pou tout kriz sistèm elektoral ak rejim konstitisyonel la. Refòm konstitisyonèl la ap prevwa yon manda 4 lane pou prezidan ak 5 lane pou Senatè, Depite ak Majistra. Prezidan an ap kapab fè 2 manda maksimòm youn apre lòt a travè eleksyon prezidansyèl chak 4 lane. Sa t ap bay tout Prezidan nèf posibilite fè yon grenn eleksyon pandan 4 lane manda l. Eleksyon sa t ap fèt jisteman apre premye ane manda l. Nan kad teyori dwa konstitisyonel ki rele "Parlementarisme rationalisé" a, Prezidan an t ap kabap mennen kanpay pou mande pèp la ba l yon majorite Depite ak Senatè pou sipòte pwogram li nan Palman an e genyen yon Premye minis ki gen yon baz lejislatif majòritè pou l byen gouvène.  Refòm Konstitisyonèl sa ap kenbe menm rejim politik miks ak egzekitif 2 branch Prezidans ak Primati ki  prevwa  nan Konstitisyon 1987 la.  Refòm Konstitisyon an ap prevwa pèn destitisyon sou baz majorite absoli nan Palman an, prizon, pèt dwa sivil ak politik pou tout prezidan ki pa respekte konstitisyon an,  ki pa fè eleksyon dapre ajanda konstisyonèl e elektoral peyi a e ki pa respekte atik 136 Konstitisyon an ki defini atribisyon primòdyal li antan ke prezidan. Krim sa pa p kabap ni jwenn padon ni benefisye preskripsyon si prezidan sa ta nan mawon aletranje. Prezidan sa dwe jije kan menm kelkeswa lè li ta retounen nan peyi a. Konferans Nasyonal Souvren an ap bay nouvo KEP a manda pou l òganize yon referandòm nasyonal nan mwa Jiyè 2015 pou adopte Refòm konstitisyonèl la e fè eleksyon jeneral nan peyi a pou tout pòs elektif nan mwa Oktòb ou mwa Novanm 2015 pou pita si pèp Ayisyen an adopte Refòm Konstitisyonèl la nan referandòm lan. Konferans Nasyonal la ap defini yon ajanda nòmalizasyon politik, elektoral ak konstitisyonòl ki prevwa demisyon ak depa antisipe tout eli Repiblik la ki gen manda yo ki poko fini pandan referandòm lan. 3.     Demisyon Prezidan Martelly sou fòm yon depa antisipe apre piblikasyon rezilta referandòm lan si popilasyon an apwouve Refòm konstitisyonèl la. Si popilasyon an jete Refòm Konstitisyonèl la nan referandòm lan, Konstitisyon 1987 amande a ap kontinye aplike kòm sa dwa e Prezidan Martelly ap rete sou pouvwa jouk 7 Fevriye 2016 jan sa prevwa nan Konstitisyon amande li te pibliye nan lane 2012 la. 4.     Demisyon ak depa antisipe dènye tyè Sena a ki dwe ale dezyèm lendi mwa Janvier 2017. Menm jan ak pou Prezidan an, 10 Senatè sa yo ap fè depa antisipe sa imedyatman apre piblikasyon rezilta referandòm Jiyè 2015 lan si pèp Ayisyen adopte Refòm Konstitisyonèl la. Si popilasyon an jete referandòm lan, 10 Senatè sa yo ap kite Palman an dezyèm lendi mwa Janvye 2017, jan sa prevwa nan Konstitisyon 1987 amande a. Prezidan Martelly ap gen dwa patisipe kòm kandida pou yon dezyèm manda prezidansyèl nan eleksyon jeneral ki dwe fèt an Oktob 2015 yo sou banyè Refòm Konstitisyonèl la. Si li ta rive eli nan eleksyon sa yo, se t ap dezyèm e dènye manda prezidansyèl li. Kèlkeswa lè li ta eli ankò pou yon dezyèm manda se pral dènye manda l. Konferans Nayonal la ap defini kad ak kondisyon yon ansyen Prezidan ki pa t fè ou byen ki pa t fin fè 2 manda sou banyè Konstitisyon 1987 la kapab rekandida ankò pou prezidan sou banyè Refòm konstitisyonèl la.  5.     Konferans Nasyonal la ap defini mekanis pou dedomaje finansyèman tout eli ki vle sa e ki aksepte demisyone nan kad antant nasyonal pou nòmalize vi politik peyi a e remete peyi a sou ray yon lòd konstitisyonèl e elektoral regilye. Konferans Nasyonal Souvren an ap adopte yon Pak stabilite pou 30 lane. Pak sa ap jete baz konseptyèl, prensip ak gran liy pou stabilite politik, lapè sosyal, devlopman ekonomik, pwogrè sosyal, pwogrè teknolojik ak fondman sekirite nasyonal peyi a. Fòk tout aktè yo antann yo sou yon doktrin sekirite nasyonal pou peyi a pandan Konferans nasyonal la. 6.     Premye Prezidan k ap eli nan Konstitisyon refome a ap prete seman 7 fevriye 2016. Nouvo Palmantè yo ap antre an fonksyon dezyèm lendi mwa janvye 2016. 7.     Konsèy Elektoral Pwovizwa ap fè sèlman eleksyon jeneral Oktob 2015 yo.  Konsèy Elektoral Pèmanan an ap enstale nan mwa mas 2016. Refòm Konstitisyonèl la ap elimine amandman ke Prezidan Preval te fè konsènan Konsèy Elektoral Pèmanan an e retounen ak mekanis ki te prevwa nan atik 192 Konstitisyon 1987 la. Asanble Depatmantal yo dwe sèvi baz patisipatif nasyonal pou fòmasyon Konsèy Elektoral Pèmanan an. 8.     Konstitisyon refome a ap kenbe prensip Konsèy Konstitisyonèl la ki nan Konstitisyon 1987 amande a. Konferans Nasyonal la ap mete sou pye yon Gwoup Konsiltatif pèmanan ki pral veye sou aplikasyon antant nasyonal la. Gwoup sa pral gen ladan l reprezantan chak sektè ki te patisipe nan Konferans Nasyonal la. Gwoup konsiltatif la ap pwopoze moun ki pou ale nan Konsèy Konstitisyonel la.   Konsèy Konstitisyonèl la ap prete sèman lendi 15 Fevriye 2016. Nouvo enstitisyon sa pral pilye nouvo Repiblik sa ki pral chita sou yon sistèm demokrasi konstitisyonel stab. 9.     Peyi a pa dwe gen fòs militè etranje ladan l. Minista ak tout lòt fòs militè etranje dwe kite tè Papa Dessalines nan nan mwa Oktòb 2016. Avèk Pak stabilite 30 lane ki adopte nan Konferans Nasyonal la, pa p gen nesesite pou gen twoup militè etranje nan peyi a. Prezans twoup etranje sou teritwa nasyonal la depaman ak ideyal nasyonalis, diyite Pè Fondatè Patri a. Sa depaman tou ak yon sistèm demokrasi konstitisyonèl ki chita sou respè lalwa, enstitisyon nasyonal solid, ak souverènte nasyonal nan entèdepandans mondyal. 10.             Kreyasyon yon Fòs Polis nasyonal 60 mil manm ak yon Foòs Defans Nasyonal pwofesyonèl 20 mil solda.  Kelkeswa sakrifis sa mande, Ayiti sipoze bay tèt li 2 fòs sa yo pou sekirite nasyonal peyi a e pou l retabli diyite l antan ke Eta lib e endepandan. Se nan peryod Pak Stablite 30 lane a objektif sa yo dwe atenn. Viv yon Ayiti stab, trankil, pwospè e demokratik ! Daly Valet Sitwayen AyisyenPòtoprensOktòb 2014

Animateur (s)

Portrait de Anne Merline Eugene
La Mafia existe
1 année 9 mois ago
Portrait de Jacques Adler Jean Pierre
Agenda Culturel RTVC - 20 Avril 2017
2 années 9 mois ago